28 October 2010

Creole Cholera Handout for Health Volunteers in Haiti

 I just wanted to share the information from the health book I've compiled concerning diarrhea, rehydration and [added today] Cholera. With hydration the death rate can be dropped from 50% to under 1%. Please feel free to share with anyone who can be helped. [E-mail, or print hard copies]. If you know folks who talk on the radio please share this information with them as well. With knowledge --hand washing, careful food and water choices, and RAPID/aggressive hydration many lives can be saved. Praying. Dr. Kris

Kolera: Kolera ka bay dyaré sévè. Bakteri kolera ka kontaminé sa n’ap bwè ak manjé n’ap manjé. Si kolera kapab léjé, men 10% vin grav é kabap tiyé moun tre vit. Moun [possib san sentòm] kontajyé pou 7 a 14 jou. Pi fò ka gen ti dyaré koz chimik toksik bakteri fè, 1 a 5 jou apré ékspozé. [Dyaré # 242-249]

Sentòm Sévè Kolera: Dyaré sévè tankou dlo, kapab gin glè, kapab sanblé koulé lèt. Dyaré kapab grav paské kèk moun pèdi 0.95 L likid chak é. Vomisman é dyaré kapab grav paské li kapab kòz yo dévni dézidraté, yo vin dézidraté lè yo pèdi twòp likid nan kò yo. Lòt sentòm enkli: nozé, vomi, kranp mis, dézidratasyon [rapid, fo], é chòk. Timoun fé mim sentòm é kapab gin fatig, koma, fyèv é kriz [#18]

Ris & Konplicasyon Kolera: Moun avèk malnitrisyon, asid mank nan vant, bay swen moun avèk kolera, sistèm iminité fèb, oubyen pa pran asé atansyon ijenn. Konplicasyon: rapid dézidraté kapab touyé nan 2 a 3 é. San trètman, moun ki pat grav vit kapab mouri apwé 1 a 7 jou.

Anpéche Kolera: Pran gwo prékosyon: lavé men avèk anpil atansyon souvan [avèk savon]. Apwé ou fin touché moun nan oubyen touché nenpòt likid kò moun malad la oubyen watè li. Lavé men avèk savon chak fwa yo watè ou pipi. Bwè dlo trété. Manjé kuit, byen cho. Bwe lèt bouyi.

Trètman Kolera: RANPLASE LIKID!!! Bay SRO souvan jiska moun pipi byen. Si li ka selma bwè kek kiyè pa fwa, by chak 3 ou 4 minit. San ranplase likid, mwatye moun grav va mouri men avek asé likid pi piti pase 1% va mouri. Si li vomi oubyen pa ka bwe asé, pa pwan anpil tan, alé tousuit nan klinik! Li possib moun va bezwen séwòm nan venn. Antibyotik é zin kapab diminyé dyaré é vomisman. Trèzenpòtan pou konmansé trètman rapid paské moun kapab vin grav vit.

Dyaré
Dyaré Lakòz Yo: Viris, mikwòb, parazit, maladi malmanjé [malnitrisyon], dlo pa trété, manjé gaté, fyèv malarya, SIDA, alèji, moun lèt bay konplikasyon, éfè ségondè akoz de rémèd, pwazon, twòp manjé fri, twòp manjé avèk grès.

Vomisman é Dyaré [Vant Pase]: Vomisman é dyaré kapab rézilta viris, mikwòb, parazit yo, manjé ki mal dijéré [kòm twòp manjé dous] é lòt bagay yo. Vomisman é dyaré kapab nwizib pou timoun yo paské li kapab kòz yo dévni dézidraté, yo vin dézidraté lè yo pèdi twòp likid nan kò yo. Ti bébé yo kapab dézidraté byen vit. Men dézidratasyon kapab rivé yon moun a nenpòt laj.

Siy dézidratasyon:

• rechiya

• pa manjé byen ké nòmal

• pèdi pwa

• pa pipi souvan ké nòmal

• pipi pi fonsé ké nòmal

• kè ap bat vit

• bouch sèch

• swaf [bébé yo kapab montré ké yo swaf lè yo ap kriyé é yo rechiya é yo gen gran dezi pou bwè lè moun ofri yo]

• jé yo vin fon

• pa gen dlo nan jé li, lè li kriyé

• platon tèt vin ba [koté nan tèt ki toujou mou paské zo pankò fémen] nan bébé yo ki mwens ké 18 mwa

Ranplase Likid: Si pitit ou gen tan vomi ou gen dyaré pou plizyè è de tan li va bézwen bwè likid pou ranplase sa li té pèdi. Ankouragé timoun bwè dlo é lòt likid klè. Mandé doktè konsénan SRO solisyon pou bébé ou ka anfòm. Lè gen bon mélanj sèl, sik, potasyóm é lòt éléman pou ranplasé sa ki te pèdi nankò a.

Séwòm Nan Bouch, Trètman Dézidratasyon: SRO. Yon lit [twa boutèy kola] + 4 gwo kiyè san tiyon sik [ou 2 gwo kiyè tiyon] + 1 ti kiyè san tiyon sèl. Bay moun pou dyaré oubyen vomi ki pa grav. Bwè ti kras chak 15-20 minit. Si moun bwè asé li va bézwen pipi 4 ou 5 fwa pa jou. Si pipi fò sa kapab di moun bézwen bwè plis, si pipi vin pal sa vlé di moun bwè asé. Pou Kolera kék moun bezwen bwe chak 2-5 minit.

SRO: Si pitit ou gen dyaré men li pa vomi, bay li SRO libréman. Doktè a kapab mandé ou règle ki kantité pitit ou bwè. Ou kapab sèvi ak yon konngout, yon kiyè ou yon ti vé kòm yo sèvi pou bay rémèd.

Pitit Vomi: Si pitit ou ap vomi [avèk ou san dyaré] éséyé bay li ti kras SRO souvan kòm yon ti kiyè chak minit. Lè pitit ou kòmansé kenbé sa ou bay li san vomi, kòmansé ogmanté kantité ou bay li. Si pitit ou kontinyé vomi, tann 30-40 minit apwé li té vomi dènye fwa é bay li kèk sisin SRO. Ti kantité de tan zan tan kapab rété anba pi byen pasé si ou bay li anpil a la fwa.

Disantri, Gwo Dyaré Avèk San: Doulè, vant tranché avèk dyaré an jénéral avèk san. Nòmalman kalité dyaré sa bézwen rémèd é bézwen konsiltasyon épi swiv nan yon kilinik.

Joe & Pastor Shirley Edgerton

KEC-VIM / GBGM Long Term Volunteers
La Gonave, Haiti
USA: 001-785-979-4494
web: http://www.centralumclawrence.org/                                                                                                            

No comments:

Post a Comment